user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week
Recent articles by Sèk Gramsci
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib The Left

Nicaragua: The Other Revolution Betrayed Jan 12 19 by Nathan Legrand and Éric Toussaint

The Family-Party-State Nexus in Nicaragua May 10 18 by Trevor Evans

Fidel Castro (1926-2016) Dec 02 16 by Samuel Farber

Pozisyon Sèk Gramsci sou eleksyon 28 novanm 2010 yo

category amerik santral / karayib | the left | non-anarchist press author Sunday November 28, 2010 17:38author by Sèk Gramsci Report this post to the editors

Tout kandida yo se anbisye depi yo bezwen gouvène yo fòse pèp rele (…)
Manno Chalmay

Nou menm ki nan òganizasyon Sèk Gramsci, ki se yon òganizasyon k ap batay bò kote mas yo, pou ride yo soti nan mizèrere ki gen koulè dominasyon politik, diskriminasyon kiltirèl ak eksplwatasyon ekonomik ; nou kwè li enpòtan pou n bay dizon nou sou konjonkti elektoral prezidansyèl ak senatoryal 28 novanm k ap vini yo. Menm jan nou te fè l nan lane 2006.

Lè n konsidere gwo mobilizasyon moun k ap viv nan sèten katye popilè te fè pou kore vòt yo te bay ekip lespwa ki te gen nan tèt li Rene Preval, malgre l pa t prezante okenn pwojè pou amelyore lavi moun nan peyi a.

Lèn konsidere se ak koko makak epi bal ekip lespwa sa a ki vin inite jounen jodi a te resevwa pèp la lè l t ap manifeste kont grangou klowòks la an avril 2008.

Lè n konsidere gouvènman sa a fin vann pou gran mèsi tout byen pèp la epi revoke pi fò anplwaye leta, alòske nan kanpay yo, yo te pwomèt plis pase 100 mil anplwa.

Lè n konsidere kijan moun nan peyi a ap vin pi pòv chak jou, kote yon bann ti moun ap viv nan lari, yon bann jèn lage bra balan, yon bann granmoun ki te chèf fanmi pèdi tout otorite yo ak dinyite devan madanm yo, mari yo ak pitit yo akoz yo pa ka reponn ak bezwen fanmi yo; sa ki lage yon gwo katastwòf sosyal nan peyi a.

Lèn konsidere pèp la pa gen okenn kontwòl sou jan gouvènman ap itilize lajan peyi a, kote yo lage popilasyon an tankou pitimi san gadò anba men biznisman ki pa gen okenn wont pou fè 900% sou sa y ap vann, anba men MINISTA k ap pann jenn, tire moun, vyole jenn fanm ak jenn gason epi vòlè san okenn krent ; anba men lanati ki kase chèn, depi yon ti lapli oubyen yon ti van soufle, san pale tranbleman tè ki antre nan koze a.

Lè n konsidere jan moun ki te pase nan eleksyon 2006 yo te fè sèman sou konstitisyon an pou yo travay pou amelyore lavi moun sou ti bout tè sa a epi n gade ak ki kalite degou yo trete moun ki pi ba nan sosyete a nan moman peyi a t ap viv pi gwo malè li konn nan listwa l.

Lè n konsidere atitid gouvènman nou an apre siklòn, tranbleman tè, tònad ak epidemi ki sakaje e k ap sakaje peyi a, jan yo te parèt san konpetans, san vizyon ak pwojè, san kapasite ak volonte pou bay yon repons ki ka fè fas kare ak egzijans moman an, pou pran an konsiderasyon kondisyon lavi pèp la.

Lèn konnen eleksyon se zouti klas dominant lan, kominote entènasyonal la ak politisyen malonèt pa bò isit itilize pou asire pwolonjman dominasyon yo ak eksplwatasyon yo sou majorite popilasyon ki pral vote yo a,

Lèn konnen òganizasyon nou an pa bay tèt li otorite pou di pèp la sa pou l fè paske nou rete kwè se granmoun yo ye, yo ka pran desizyon pou kont yo, menm si n panse analiz nou yo ka ede yo pran desizyon

Nan Sèk Gramsci nou panse


pèp la ta dwe fè yon ti reflechi sou vòt li te bay ekip preval la nan lane 2006 yo. Sa ki t ap bay posiblite pou n wè kote n te ye ak kote n te swete ale. Gade tou pozisyon gouvènman, senatè ak depite te gen sou revandikasyon sosyal yo. Mouvman 200 goud la se yon gwo ekzanp. Sa ap tou pèmèt nou wè nan enterè kiyès desizyon yo toujou ye. Sa vle di èske se pou gran nèg oubyen pou malere gouvènman yo ap travay ?

Se pou popilasyon an gade nan ki sans desizyon rejim ki sot pase a te ede l rezoud pwoblèm li genyen yo tankou pri lekòl, manje ak swen sante. Menm kote a li enpòtan pou n founi je gade atitid gwoupman ak pati politik yo nan moman li te nan gwo detrès 12 janvye a jiska jounen jodi. Li enpòtan tou pou n gade atitid yo nan batay 200 goud la ki te yon revandikasyon popilè. Eske n gen nan memwa n yon pati politik ki te kanpe bò kot pèp la pou l te jwenn 200 goud sa a.

Pèp la ta dwe gade èske pèp enpòtan pou politisyen bò isit, paske malgre grangou, move kondisyon dòmi, kolera pèp la ap sibi jounen jodi a, eleksyon rete sèl priyorite politisyen ak zotobre bò isit, gen ladan yo depans kanpay elektoral yo rive jiska 20 milyon dola us.

Pèp la dwe konnen eleksyon se yon espas politik mennjan ak palman, meri yo ak lòt, sa vle di fòk popilasyon an gade ki fòs li genyen pou bay kandida yo direksyon apre vòt la, èske se senpman vote yo vle l vin vote pou lejitime yon seri moun ki pou meprize l epi reponn yo ak bal ak baton chak fwa li pran lari pou di sa l santi. Lè n konnen eleksyon koute anpil kòb, lè n konnen kote kòb sa yo soti, anplis lè n konnen moun nan peyi isit pa janm depanse pou pèp men pou fè pwofi gen anpil rezon pou moun pòv yo pa fè eleksyon konfyans.

Pèp la ta dwe mezire diferans ki genyen ant vòt la nan reyalite ak sa yo di sou vòt la (pwopagann). An reyalite vòt pa gen okenn enpòtans reyèl, si non pèp sou latè pa t ap nan mizè paske yo toujou vote. Sa vle di se sèl fòs òganizasyon pèp ki a ka retire l nan mizè l ye.

Pèp la dwe klè vòt li ap gen konsekans. Vote pa senpman yon kesyon fè ti kwa sou kandida, li pa yon pwogram plezi men al vote se yon aksyon politik ou pral poze pou di yon seri moun pran yon seri desizyon nan plas ou, pou ou menm, fanmi w, zanmi w ak peyi a. Si se sa, fòk nou klè pa gen kenn kandida nan kous elektoral la ki gen kenn pwojè reyèl pou peyi a. Ki donk nou pati pou yon lòt 5 lane mizè ak malsite tout kalte ankò. Pa janm bliye sa, lè pèp la t ap mande bay Preval pouvwa an 2006, Sèk Gramsci te di fòk yo bal Preval li si se li l mande. Men n te di menm kote a Preval se pa t pou pèp la preval ta pral travay. Jounen jodi a, nou pa kwè gen pi gwo verite pase sa.



Nou menm nan sèk Gramsci nou pa nan eleksyon !

Nou pa nan eleksyon sa yo pou menm rezon nou pa t ladan nan lane 2006 la. Nou di byen wo, ak tout fòs nou, tout kandida ki la a yo se piyaj/ dilapidatè yo ye, nou menm se kote pwoblèm pèp la ka rezoud la nou ye, sa vle di dinamik kanpe bonjan òganizasyon pou pèp ayisyen pran desten peyi a.

Pou nou menm nan Sèk gramsci si pèp la pral vote nan eleksyon 28 novanm lan fòk li klè li pral poze yon aksyon politik ki pral gen konsekans sou lavni li. Li klè sa k t ap pi bon jounen jodi a se pou pèp la ta rive boude eleksyon sa yo, sa vle di pou l pa patisipe nan fouye pwòp tonm li, jan sa te rive nan lane 2006.

Sèk Gramsci mande pou tout moun ak sektè ki nan eleksyon oubyen k ap pouse pèp al fouye tou lanmò li 28 novanm k ap vini la a, pou yo fè yon ti reflechi sou kantite fwa yo trennen pèp la nan erè swa nan di yo vote Preval oubyen nan sipòte Michèl P.L kòm premye minis nan 5 lane ki sot pase la yo. Sèk Gramsci swete yo fè yon kout je sou peyi a ; yon peyi ki sot konte plis pase 300 000 kadav, 100 000 mil andikape, 1 500 000 moun san kay san konte ravaj kolera kounye a chak jou ki jou; yon peyi politisyen ak klas dominant yo fin delabre epi mete ajenou nan pye kominote entènasyonal la; yon peyi politisyen ak kandida pa bò isit fè tounen yon labouyi cho ; yon peyi kote chak jou pòv ap vin pi pòv, rich ap vin pi rich, inosan ap peye pou koupab, koupap ap sikile lib e libè epi sa k pa koupab ap kwoupi nan prizon ; yon peyi ki tankou yon ti bato ak vwal ki pa gen kapitèn, yon peyi ki pa peyi.

Sèk Gramsci mande pou tout fòs pwogresis ak tout òganizasyon konsekan nan peyi a mete tèt yo ansanm nan yon gwo konsètasyon pou bay yon altènativ fas ak plan lanmò klas dominant lan, politisyen yo ak kominote entènasyonal la pral bay benediksyon nan eleksyon 28 novanm k ap vini la.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]