Anarkismo.net     http://www.anarkismo.net

19 Malè Pandye Sou Ayiti

category amerik santral / karayib | the left | press release author Saturday December 04, 2010 06:30author by VA

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!
phpvc9o5ppm.jpg

Vreman vre, yo youn pa di anyen pou Minista ale! Yo youn pa di anyen sou salè minimòm lan ak kondisyon travay. Yo youn pa di anyen sou zafè grandon k ap toupizi ti peyizan, ak lajistis pouri nou konnen an ki toujou ap apiye yo. Sou refòm agrè ki nesesè a. Yo youn pa di anyen sou pratik abolotcho palmantè yo k ap vann travayè yo, vann peyi a, vann konsyans yo nan benefis a boujwa. Yo youn pa di anyen sou granmanjè yo k ap souse leta epi remèt sèvis piblik yo bay boujwa. Yo YOUN pa janm di kidonk pap janm fè anyen pou chanje rapò sosyal akayik ki kontinye ap egziste nan peyi a.

Se paske yo TOUT se ak grandon, granboujwa, granmanjè, gwo peyi k ap souse nou yo ak tout Minista yo a yo YE! Se LA enterè yo chita tout bon, kidonk se enterè SA yo yo TOUT pral defann. KONT NOU!

Batay Ouvriye, Modep, Tèt Kole, PEVEP, CATH, KRD, Kowalisyon òganizasyon k ap batay pou tout timoun jwenn lekòl gratis, Bri kouri nouvèl gaye, Inivèsite Popilè, FRAKKA, GREPS, MODJE, Sèk Gramsci.
Novanm 2010.

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

http://www.anarkismo.net/article/18226

Anarkismo.net is a international anarchist-communist news service