|
Recent articles by Batay Ouvriye
Call for Solidarity: Demand Reinstatement of Union Organizer in Haiti! May 18 16 Luisa Capetillo: Από τις κυ ... Aug 27 15 Ayiti, Premye Me 2012![]() ![]() ![]() ![]() KAMARAD OUVRIYÈZ AK OUVRIYE! PREMYE ME nou an pral rive! Ane 2012 la, gwo jou sa a pran nou nan yon sitiyasyon malouk kote lavi nou ap vin pi di chak jou, san nou pa wè ki kote sa ap mennen nou. Salè nou rete anplas, pandan lavichè ap monte bwa pi rèd. Patwon yo menm, y ap kontinye ogmante tarif san yo pa peye nou 250 goud lwa sou salè minimòm lan mande l la epi egzije nou lè siplemantè san yo pa peye l kòmsadwa, oubyen pa peye nou jou dimanch la malgre nou fe plis pase 48 èd tan travay pa semenn. Tout vyolasyon sa yo ap ogmante lespwatasyon an pi rèd pandan y ap mete presyon sou nou pou nou rann tout ji nou, pandan reprezantan patwon yo ap imilye nou san rete pandan n ap sibi dominasyon yo ak revokasyon abitrè pou ti krik ti krak. Kidonk, sitiyasypon nou malouk vre. Men li ka vin pi malouk toujou si nou annik rete ap gade! Boujwa yo ansanm ak palmantè tchoul yo vle fè pase yon lwa kote travay lannwit ap peye menm pri ak sa lajounen ! Se pral « Lwa Anakasis » la, yon senatè malpouwont ki deklare tèt li « pèp » soti pou pilonnen travayè nan avantaj boujwa tou sèl ! Pi rèd, sitiyasyon nou ka vin pi malouk toujou, si nou kontinye pran lalin pou fwomaj « otorite » ki vin la yo vle foure nan gagann nou toujou nan kesyon « bay travay » yo a. Paske se pou yon salè mizè y ap vin bay li, yon salè pwatrinè. Anfèt, se pa « bay y ap vin bay travay », se salè pwatrinè a envestisè yo ap vin benefisye! Kidonk lavi nou ap vin malouk anpil! E, jan nou kapab wè, li ka vin pi malouk toujou, si nou rete bra kwaze, si n ap dòmi, nou pa sou men nou.
VINI AN FOUL KAMARAD OUVRIYE, OUVRIYÈZ ! SE DWA NOU POU NOU GEN YON LAVI KI DIY ! VINI AN FOUL ! NAN JOU PREMYE ME SA A KI SE JOU PA NOU LI YE, POU KLAS OUVRIYÈ A MAKE PREZANS LI KÒM FÒS ANSANM AK TOUT ALYE LI YO! ANFAS DOMINASYON AK ESPLWATASYON PATWON YO, ANFAS PRATIK ABOLOTCHO PALMANTÈ SAN FIGI YO ! POU DWA DEMOKRATIK NOU, POU DWA DEMOKRATIK REYÈL TOUT PÈP LA ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP NAN LARI A! |
Front pageEs Ley por la Lucha de Las de Abajo Covid19 Değil Akp19 Yasakları: 14 Maddede Akp19 Krizi [Perú] Crónica de una vacancia anunciada o disputa interburguesa en Perú Nigeria and the Hope of the #EndSARS Protests Aλληλεγγύη στους 51 αντιφασίστες της Θεσσαλονίκης Women under lockdown all around the world Solidarity with the Struggle of North American People! A libertarian socialist view of the capitalist and health crisis in the Americas Para las Clases Populares del Mundo, Pandemia, Crisis, Todos los Tiempos son de Lucha Nossa Concepção De Feminismo Na Perspectiva Do Anarquismo Organizado Frente a la Pandemia Capitalista, Solidaridad entre los Pueblos La force des femmes change le monde The competition between Iran and United States over Iraq Beyond Pension Reforms: Interview on the General Strike in France Comunicado de lanzamiento de la Coordinación Anarquista Latinoamericana (CALA) [Colombia] Vamos al Paro Nacional del 21 de noviembre [Catalunya] Una sentència que ataca les llibertats i els drets civils |