user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Mobilizasyon premye me : Travay wi, esklavaj non!

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Tuesday May 01, 2012 18:57author by Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman Report this post to the editors

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè.

afich_1me_2012.jpg

Premye me, se jounen entènasyonal lit travayè. Nan okazyon premye ane sa a, divès òganizasyon tankou Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman, Centrale Nationale des Ouvriers haïtiens (CNOHA), Confédération des Forces Ouvrières(CFOH), Union des Normaliens Haitiens (UNNOH), Batay Ouvriye, Kolektif pou Dedomajman Viktim Kolera, Rezo Fanm BAI envite w nan yon seri mobilizasyon sou kondisyon travay nan peyi a. Nan okazyon sa a, n ap gen : konferans deba k ap fèt vandredi 27, samdi 28 ak dimanch 29 avril sou enpòtans premye me a. Madi premye me 2012, n ap òganize yon mach k ap kòmanse devan pak endistriyèl Sonapi apati 9è nan maten pou al bout devan palman an. Premye me 2012, nou pral mande:

  • Respekte dwa travayè/èz pou yo òganize yo an sendika/pou patwon yo sispann revoke travayè/èz k ap defann dwa yo

  • Pou ministè afè sosyal fè patwon yo respekte lwa sou salè minimòm nan nan soutretans yo

  • Pou palman an voye pwojè lwa senatè Anacacis fè sou travay lannuit la nan poubèl

  • Pou pouvwa anplas la fè bak sou bann pwojè ekonomik k ap lage peyi a nan plis mizè ak malsite

    Madi premye me, ann manifeste pou respè dwa travayè ak travayèz yo. N ap tann ou a 9vè tapan, devan pak endistriyèl la (SONAPI). Travay wi, esklavaj non!

  • This page has not been translated into Français yet.

    This page can be viewed in
    English Italiano Deutsch
    E

    Latest News

    Amerik Santral / Karayib | Workplace struggles | Press Release | ht

    Wed 22 May, 19:48

    browse text browse image

    afich_1me_2012.jpg imageAyiti, Premye Me 2012 19:26 Mon 30 Apr by Batay Ouvriye 0 comments

    460_0___30_0_0_0_0_0_pwen_6.jpg imageRevokasyon Ak Represyon! 03:07 Sun 02 Oct by Batay Ouvriye 1 comments

    Opinion and Analysis

    Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.
    © 2005-2013 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]