user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Viv Libetè Sendikal La Nan Peyi Dayiti

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Wednesday July 03, 2013 20:22author by Entésendikal Premye Me - Batay Ouvriye - (ESPM - BO) Report this post to the editors

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz
pwen_6.png

Kanmarad Ouvriye ak ouvriyèz,

Depi lontan Entè Sendikal Premye-Me Batay Ouvriye ap louvri je sou sitiyasyon deplorab n ap travay nan izin soutretans yo tankou :

• Patwon yo k ap eksplwate fòs travay nou pou po patat. Majorite nan izin yo pa respekte salè minimòm leta deklare a. Se fente y ap fente nou sou salè a kote se kòm prim nou rive gen yon 300 goud pou 9,10 zèd tan. Men lalwa di se 300 goud pou piti nan 8èd tan ;

• Responsab tankou manadjè, anplwaye resous imèn, sipèvizè k ap tabli yon dominasyon san limit sou nou pou pèmèt eksplwatasyon ak tout kalite egzaksyon fèt sou nou san pwoblèm. Mete sou sa, yo refize respekte dwa sendikal lalwa a bay ouvriye yo garanti pou mete yo ansanm pou defann dwa ak enterè yo ;

• Revokasyon sou pretèks pa gen travay oswa y ap fè rediksyon pèsonèl. Sa fè nou pa gen garanti anplwa, nou pa ka reflechi pyès pwojè pou lavni nou ak avni pitit nou. Yo fè sa, se pou pitit nou vin ranplase nou anndan izin lan nan pi move kondisyon, lè nou pa ka travay ankò. San konte gen izin yo annik bimen anba kou lè n ap reziste, n ap revandike dwa nou ak swè nou ;

• Kanta zafè dwa sendikal boujwa yo di y ap respekte a, se aloral li ye. Nou ka pran ka Multiwear,bildin 46 nan pak Sonapi nan youn nan izin Richard Coles yo, yo fin revoke yon ouvriyèz nan menm semenn li eli kòm manm komite ekzekitif SOTA-BO.

• Nan chita alamyab sou dosye sa a ak responsab izin lan, te fin gen yon antant men responsab yo deside pa respekte bagay yo te fin dakò sou yo nan negosyasyon. Kidonk, se yon mank dega total pou reprezentan sendikal yo epi se yon imilyasyon pou tout ouvriye ak ouvriyèz nan izin sa a. Sa yo di jodi, se pa li yo di demen. Kalite dilatwa sa yo se fè ouvriye yo konprann sendika pa p ka regle anyen pou yo, fè yo dekouraje epi lage sa.

• Kidonk, tou sa montre se nou menm ouvriye ak ouvriyèz ki pou ranmase karaktè nou, kale je nou, òganize nou pou kòlte ak patwon ak tout anplwayè yo k ap tabli yon sistèm esklavaj degize anndan izin yo. Jodi a, rapò de fòs la anfavè yo paske leta la pou defann yo, Minista la pou defann yo, se enpinite k ap vale teren. Fas a sa, nou pa ka rete degrennen pou yo kontinye esplwate nou, maspinen nou tout tan. Fòk nou pati sou baz enterè nou pou nou di :

ABA SALÈ MIZÈ, SALÈ PWATRINÈ ! ABA REVOKASYON ABITRÈ ! ABA ENPINITE PATWON YO JWENN NAN ANPECHE SENDIKA DEVLOPE NAN IZIN YO !

VIV LIBETE SENDIKAL LA NAN PEYI DAYITI !

ANN PRAN EKZANP SOU PÈP BREZIL, LAGRÈS, LATURKI K AP GOUMEN POU CHANJMAN LAKAY YO ! NOU PA DWE KITE Y AP MACHE SOU NOU KONSA ! ANN MOBILIZE NOU ! VIKTWA SE POU NOU OUVRIYE, OUVRIYÈZ, TRAVAYÈ, MAS PÈP LA L AP YE, MEN SE SÈLMAN SI NOU PRAN RESPONSABLITE ISTORIK NOU !

ESPM-BO 24 JYEN 2013

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]