user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pozisyon Kolektif la sou demach pou renouvle manda MINISTA yon lòt fwa ankò

category amerik santral / karayib | enperyalis / lagè | press release author Wednesday September 04, 2013 19:47author by Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomajman Viktim Kolera yo Report this post to the editors

Nan moman kote bak peyi a preske chavire, otorite nan tèt peyi a ki santi yo konfòtab ak okipasyon an mete ak Nasyonzini, deside renouvle manda MINISTA pou yon lòt lane ankò. Pwosesis renouvèlman sa a rive nan yon kontèks kote peyi a ap plonje nan yon kriz san bout, kote kòripsyon fè de pou senk nan administrasyon leta a, nan ekip Martely-Lamohte la. Nou konstate pandan prezans fòs okipasyon an, zak vyolasyon dwa moun kontinye ap taye banda pirèd. MINISTA se youn nan prensipal vyolatè dwa moun ki gen nan peyi a. Se nan sans sa a, nou denonse ak tout fòs nou, konplo MINISTA ak otorite yo ap fè pou kraze plas REZISTANS nan Pòsali. Zak sa yo montre aklè, MINISTA ak pouvwa a ap konplote ansanm pou mete baboukèt sou libète piblik yo. Plizyè moun ki nan tèt leta a, gen non yo site nan anpil zak imoral, zak kòripsyon ak zak kriminèl. Menm prezidan repiblik la, ki eli nan eleksyon kominote entenasyonal la, eleksyon Bill Clinton ak MINISTA a, pifò moun nan peyi a pa konnen ni si li ayisyen, ni si li ameriken. Nan antouraj prezidan repiblik la, gen plizyè gwo palto ki gen non yo site nan zak kidnaping, komès dwòg ak anpil lòt move zak. Sa ki pi grav, moun sa yo nan tout koulwa ap pran lapawòl, pran desizyon oubyen « dyaloge » nan non pouvwa kale tèt la. Arestasyon yon depite an fonksyon, Lanmò sispèk jij Jean Serge JOSEPH ki t ap mennen ankèt sou fanmi prezidan an pou dwèt long siperyè, divès zak pèsekisyon politik tankou tantativ arestasyon avoka ki sou dosye kòripsyon Sofia ak Olilivier Martely a, arestasyon Josue Florestal ak Enold Florestal ki te pote plent kont fanmi prezidan an epi bri k ap kouri pou kraze palman an, se yon seri siy ki montre aklè, gen yon machin diktati k ap deplòtonnen vitès li sou tèt peyi nou an. Li lè pou nou reveye nan dòmi pou bare wout okipasyon an ak konstriksyon dikatati a.
haitiun.jpg

Eske gen rezon pou renouvle manda MINISTA nan peyi a ?

Kolektif Mobilizasyon pou Dedomajman Viktim Kolera yo di non, manda MINISTA pa gen dwa renouvle ankò. Tout tantativ pou renouvle manda fòs okipasyon an, se yon lòt souflèt pou zansèt nou yo ki te batay pou kite nan men nou, yon peyi ki granmoun tèt li. Nou di manda MINISTA pa gen dwa renouvle paske :

1) Peyi a pa nan lagè, li pa gen jenosid. Kidonk, pa gen okenn sitiyasyon ki koresponn ak sa ki di nan chapit 7 chat Nasyonzini an, ki ta ka esplike prezans yon fòs pou mete lapè nan peyi a. Si gen lagè nan peyi a, se lagè nan tèt ak nan vant, kote anpil timoun paka al lekòl epi anpil moun ap dòmi leve san manje oubyen ap mouri grangou. Lagè ki nan tèt ak nan vant popilasyon an, se pa cha blende, ni sòlda etranje ki ka rezoud li.
2) Akò syèj 9 jiyè 2004 la, ki te siyen ak Nasyonazini nan lane 2004, pa gen okenn baz legal. Se ansyen premye minis Jera Latòti ki te siyen li ak Nasyonzini, yon bagay li pat gen dwa fè. Dapre konstitisyon an, tout akò peyi a ap siyen ak letranje, dwe pase devan palman an. Aloske, akò sa a, pat janm pase devan palman an.
3) Sena repiblik la, pran deja plizyè rezolisyon ki mande dedomajman viktim kolera yo epi pou MINISTA kite peyi a, nan mwa me 2014 pou pita.
4) Reyalite k ap deplòntonnen nan peyi a jounen jodi a montre aklè MINISTA echwe nan misyon ofisyèl yo te ba li a. Si MINISTA reyisi nan misyon reyèl li, ki se sekirize plan enperyalis la nan peyi a, nan kreye kondisyon pou pèmèt kapitalis lokal ak entènasyonal la eksplwate pi byen fòs kouraj travayè ak travayèz yo (esklav modèn yo), si MINISTA reyisi nan garanti kontra antrepriz miltinasyonal yo pou eksplwate min lò ak kuiv nou yo, si yo reyisi nan divès zak vyòl ak vòl, nan kesyon pote kolera ki touye plyzyè milye ayisyen, se pa menm bagay la pou misyon ofisyèl yo te mete nan tèt opinyon piblik la. Nan kesyon garanti lapè, garanti dwa moun ak bonjan demokrasi, fòs okipasyon an achwe. Peyi a ap plonje nan yon veritab katchouboumbe, libète piblik yo menase anba baboukèt epi lamizè ap danse sou lestomak popilasyon an. Pòt pawòl egzekitif la nan sistèm jidisyè a komisè gouvènman Rene Francisco di nou aklè teyat la fini. Eske sa vle di dwa pou nou kritike otorite yo fini ? Eske sa vle di libète reyinyon, libète lapawòl, libète asosyasyon fini ?
5) Nan tout peyi a, pèp la di li bouke ak zak MINISTA ap komèt yo.
6) Plis pase 8 mil moun deja mouri anba kolera MINISTA a epi anviwon 800 mil lòt deja kouche sou kabann anba epidemi an.
7) Pa gen okenn rezon pou nou kontinye kenbe yon fòs okipasyon k ap militipliye kadejak sou jenn fanm ak jenn gason toupatou nan peyi a
8) Fòs okipasyon an koute anviwon 800 milyon dola chak lane, si peyi zanmi k ap detui Ayiti yo te vle ede peyi a tout bon, yo tap envesti lajan sa a nan sante, nan edikasyon ak lojman pou pèp la

Pou tout rezon sa yo, Kolektif la ap kontinye mande :

1) Pou MINISTA kite peyi a san pèdi tan, jan senatè yo mande sa, nan dènye rezolisyon yo te pran an
2) Pou Nasyonzini dedomaje peyi a ak tout viktim fòs okipasyon an (viktim Kolera, viktim kadejak ak viktim represyon)
3) Pou tout depatman nan peyi a leve kanpe kont MINISTA ak restavèk li yo.

Pou Kolektif la
Guy NUMA
Wisly Simeon

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]