user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Fòmasyon PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO)

category amerik santral / karayib | workplace struggles | press release author Thursday April 09, 2015 20:18author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Jou ki te 7 avril 2015 pase a, Sendika Batay Ouvriye nan Pòtoprens (SOTA), nan Wanament (SOKOWA ) ak nan Karakòl (SOVASHG), yo tout afilye nan Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye (ESPM-BO), nan lokal POHDH la, lanse devan laprès PLATFÒM SENDIKA IZIN TEKSTIL (PLASIT-BO).

Sa fè plizyè mwa rapwochman ant diferan sendika yo ap fèt, dekwa pou yo ka ini fòs yo nan kad batay y ap mennen kont ekzaksyon patwon yo ansanm ak leta reyaksyonè yo a. Jounen jodi a, Platfòm sa a se yon premye pa nan objektif kreye yon FEDERASYON sendika izin tekstil yo.

Tèks prezantasyon yo nan anèks la.

BATAY LA FENK KÒMANSE!
img_22392.jpg


Konferans pou laprès

N ap salye tout manb laprès pale ekri ak televize ki vin kouvri premye konferans pou laprès PLASIT ki se Platfòm Sendikal Izin Tekstil. PLASIT fòme ak sendika tekstil ki sòti nan matris mouvman Batay Ouvriye. Nou menm, nou konstate 7 mwa apre Konsèy Siperyè Salè te pibliye rekòmandasyon li yo nan mwa novanm 2014 pase a, gouvènman an pako di anyen. Rekòmandasyon KSS sou salè a ap domi nan tiwa toujou. Nou menm nan Platfòm Sendikal Izin Tekstil, nou wè fòk tout ouvriye/yèz nan sektè tekstil la relanse mobilizasyon sou kesyon salè a. Sa se kit nan Pòtoprens, kit nan Wanament ak nan Karakòl pou di gouvènman Mateli/Paul la fikse yon salè minimòm ki aseptab pou ouvriye/yèz yo, yon fason pou evite plis pwoblèm nan sektè tekstil la nan peyi a.
PLASIT ap lanse modòd mobilizasyon pou salè ouvriye/ouvriyèz yo ajiste nan jou k ap vini la yo pandan n ap lite tou kont move kondisyon travay nan faktori yo ak pou yon vre sistèm pwoteksyon sosyal. Se ki vle di yon ouvriye/yèz ki ap travay dwe touche yon salè ki pèmèt li voye pitit li lekol, peye lwaye kay li, manje, abiye, elatriye epi jwenn rès lajan pou mete sou kote pou demen. Epi tou fòk li gen bon jan asirans sante pou tèt li ak pitit li epi pou li pa tonbe nan endijans lè li pa kapab travay ankò gras ak yon sistèm pwoteksyon sosyalnasyonal ki jere san pas pouki oswa esklizyon.

Se vre, an 2009 menm jan ak 2013, gwo mobilizasyon ouvriye/ouvriyèz faktori yo pa t rive satisfè revandikasyon sou salè minimòm 500 goud yo te mande a. Men si nou pa kontinye lite, se pi mal sa ap vin pou nou. Platfòm nou mete sou pye jodi a, se pou relanse mobilizasyon ouvriye/yèz yo an 2015. Mobilizasyon an ap fèt nan 3 zòn kote gen izin rad yo pou di gouvènman an: Salè minimòm la dwe ajiste prese prese epi salè a dwe reponn a bezwen elemantè nou yo .

Ane sa a, nou p ap asepte pou gouvènman an woule nou nan farin ankò sou pwomès akonpayman sosyal pou kache salè mizè k ap bay nan faktori yo. Pou nou, fòk gen yon akò fòmèl ki negosye ak sendika reprezantatif sektè a sou tout pwogram akonpayman sosyal. Akonpayman sosyal pa charite yo fè paske yo se papa bonkè. Rediksyon pri manje midi a, transpò, lojman…,se de avantaj sosyal travayè jwenn anplis sou salè yo ke reprezantan sendika dwe negosye ak patwon yo oswa ak leta. Koze sibvansyon manje ak transpò gouvènman an te vini ak li ane pase a, sete yon gwo blòf, yon demagoji. Yo sèvi ak li pou fè demagoji politik elektoral. Plat manje 35 goud la pa janm ekziste vre. Menm jan an tou, nou pa p pran nan nan koze konpetitivite pou fè ouvriye ayisyen touche salè ki pi ba nan nan zòn lan. Se mendèv a bon mache nou ye pou dirijan peyi a. Fòs travay nou ap vann pou po patat pou swadizan atire envestisè etranje nan peyi a.Nou menm nou di fòk sa sispann.

Nou menm nan PLASIT (Platfòm Sendikal Izin Tekstil/BO), n ap di tout ouvriye (èz), se moman pou nou leve kanpe pou defann dwa nou ak entere nou. Batay pou kesyon salè adwe redemare. Ann ranmase fòs nou pou fè tande vwa nou. Mayi nou nan solèy ! Ann batay pou yon bon ajisteman salè ak avantaj sosyal san blòf ! Se poutèt sa n ap mande : 1) Yon salè minimòm pou sektè tekstil la fikse a 500 goud pou piti ; 2) Negosyasyon yon akò ant sendika ak leta sou yon pwogram akonpayman sosyal sou koze manje, transpò ak lojman kòm de avantaj sosyal tout bon vre ;3) Chanjman lwa 2009 sou salè minimòm lan. Se yon lòt lwa tou nèf ki pou genyen pou retire tout konfizyon ki gen nan lwa a, tankou mete 2 salè minimòm pou izin tekstil yo. 4) Nou mande yon bon refòm ak patisipasyon sendika yo nan ONA ak OFATMA kòm 2 pi gwo ògan sekirite sosyal nan peyi a pou ouvriye/yèz yo jwenn pi bon sèvis. Premye Me, se demen, ann gonfle fòs nou pou nou montre sa nou vo ! Nou mande gouvènman an fikse yon SALE MINIMÒM KI PEMÈT NOU VIV TOUT BON ! Mesi.

Platfòm Sendika Izin Tekstil/7avril 2015

Telemarque PIERRE/ 3786 4038 SOTA-BO

Lucny TOUSSAINT/3314 3529 SOKOWA

Pegui F. JONEL/3674 4394 SOVASHG

author by annadine - davidjohnspublication date Thu Apr 20, 2023 13:16author email johndavidd8888 at gmail dot comauthor address colombiaauthor phone 02593647853Report this post to the editors

The article emphasizes the need to stop relying on cheap labor to attract foreign investors and to fight for a decent adjustment of salaries and social benefits.

Related Link: https://incrediboxgame.co/
author by Lily Smith - Backrooms Gamepublication date Fri May 05, 2023 12:32author email yajixi9053 at fgvod dot comauthor address New Yorkauthor phone 2025550136Report this post to the editors

What if you like being scared feeling? you'll love the backrooms, which is a great escape room game https://backroomsgame.net/. The best way to avoid meeting the scariest monster is to always be on the move.

author by SEO - aasdaspublication date Mon Oct 16, 2023 16:55author email poltuvisti at gufum dot comauthor address asdasdasd, asdasdasdauthor phone 3083011773Report this post to the editors

Hello, I have browsed most of your posts. This post is probably where I got the most useful information for my research. Thanks for posting, maybe we can see more on this. Are you aware of any other websites on this subject. Minecraft PE Apk https://mcpepro.com/

Related Link: https://mcpepro.com/
author by SEO Expert - grow morepublication date Thu Oct 19, 2023 17:38author email bekkipuspu at gufum dot comauthor address 36 56author phone 3467497483Report this post to the editors

This is a smart blog. I mean it. You have so much knowledge about this issue, and so much passion. You also know how to make people rally behind it, obviously from the responses. nhs band 6 https://paidhours.co.uk/nhs-band-6-pay/

 
This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
© 2005-2024 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]