user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Sou Siklonn Matyou

category amerik santral / karayib | miscellaneous | feature author Tuesday October 18, 2016 06:46author by ENTERÈ POPILÈ Report this post to the editors

featured image

Nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a: granboujwa, grandon, granmanjè, ideyològ sousou yo, ansanm ak mèt yo tout: enpeyalis yo. Nan sitiyasyon dezas siklonn Matyou blayi anwo popilasyon a an jeneral, nou pap pale ak klas sosyal ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a. Se poutèt, tou dabò, se mas popilè yo ki touche vre. Sila nou tande yo rekòmanse ap rele: “pi defavorize yo”. Poutan, se “pi defavorize” lòt bò dlo yo ki voye pi fò, si se pa prèske tout, nan transfè dyaspora a; menm jan se “pi defavorize yo” (ti peyizan, travayè tout kalite, ouvriye, ti machann...) ki pwodyi epi redistribye tout richès sou teritwa a; kidonk, ki, vreman vre, pòte peyi a sou do yo. Si se yo ki pi touche anba siklonn lan: se poutèt, presizeman, se yo ki... “pi defavorize”.

Nou konsyan siklonn lan touche popilasyon an pi lajman; nou konsyan tou divès enfrastrikti oswa edifis piblik ki sèvi pou tout moun afekte. Men, ankò yon fwa, nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon peyi a. Se poutèt, presizeman, si travayè yo ansanm ak mas popilè yo “pi defavorize”, se poutèt yo anba espwatasyon, ekzaksyon ak dominasyon jeneral klas k ap jwi yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a k ap apiye yo, defann yo epi òganize dominasyon yo. Jounen jodi a, nou wè tout sanginè sa yo ki vle di y ap “ede”, ap mande “inite nasyonal” pou “rekonstwi peyi a”. An reyalite, kriminèl sa yo, se maske y ap maske tèt yo an “bon moun” pou chache kouvri tout ekzaksyon yo toujou fè sou nou, pandan reskonsab ideyolojik yo ap chache anbake nou nan yon “inite” ki pou ta fè n kwè “bon moun” sa yo ansanm ak nou menm k ap sibi a, dwe “fè youn” devan malè.

Kidonk, etan done se pa konsa “pi defavorize” yo nan eta kote yo ye a: “inite” fo mamit sa a k ap eseye fè nou pran lalin pou fwomaj, pandan l ap chache anbake nou dèyè bouwo nou, se yon krim!

Deja magouy, detounman tout kalite ap vale teren, deja tout pri pwodyi pi nesesè yo ap monte tèt nèg... Ou kwè salè ouvriye yo ta manyen monte pou pèmèt yo fè fas ak reskonsabilite yo devan fanmi ak konesans yo ki rete nan zòn pi sinistre yo epi ki sibi anpil? Ou kwè ti peyizan yo pral jwenn dòt rapò sosyal ki pou ta pèmèt yo sòti anba dekonpozisyon milye riral la ap sibi e ki jisteman pèmèt yo “defavorize” a? Ou kwè travayè tout kalite ap ka devlope yon kapasite minimòm pou chape anba pwoletarizasyon akselere k ap menase yo anba “devlopman” ak “pwogrè” kapitalis sanginè ki an kou a? Ou kwè mas popilè yo ap ka jwenn yon demokrasi k ap reyèlman fèt anba direksyon pa yo, (jan sa sipozeman di) nan objektif pou pwòp yo menm yo ta sòti anba mizè enferenal k ap manje yo a?

NON!

Nou rete kwè mistifikasyon “egalego” demokrasi boujwa a pral kontinye chita menm jan an. Pi rèd (yon mal pou yon byen nan avantaj yo): dezas siklonn lan pral ogmante kapasite mistifikasyon sa a. Mistifikasyon eleksyon yo ki la pou divize nou, alyene nou, detounen nou; mistifikasyon “Linyon fè lafòs” yo a, ki se yon alyans konpradò ak grandon sou do nou; mistifikasyon demokrasi yo a ki vle fè kwè nan sosyete klas antagonik ki devan nou an, tout moun “egalego”.

Pandan klas dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a pral chache retabli sitiyasyon jeneral peyi yo a pi vit posib, nou menm, non sèlman an gwo sitiyasyon pa nou an ap rete menm jan an, non sèlman mistifikasyon demokrasi, devlopman ak pwogrè pou tout moun ak eleksyon egalego etc... ap rete menm jan an, men ti peyizan milye riral la ki pèdi tout bagay epi ki pa menm konnen ni kòman y ap sòti anba sitiyasyon katastwòf ki devan yo a, ni menm konnen kòman yo pral replante: pa gen semans, vye ti mòso tè yo genyen an bimen, tout milye riral la dekonpoze. Ki fè enpòtasyon manje ak tout kalite lòt machandiz, anba ribrik “èd” oswa apati gran komèsan san fwa ni lwa mele ak enpeyalis yo, pral ogmante. San mank, sa pral tou ogmante depandans global peyi a, nan nivo alimantè a an patikilye, pandan sa pral akselere pwoletarizasyon milye riral la pi rèd, bagay ki pral pwovoke yon kokennchenn migrasyon, kit sou gwo vil peyi a, kit vè letranje. Kidonk: sa pral destriktire milye riral la ansanm ak fòmasyon sosyal la globalman, nan yon degre nou pa ka kalkile...! Apati dominasyon ak ekzaksyon granboujwa endistriyèl nasyonal kou entènasyonal, mete sou gran komèsan ki deja ap monte pri pwodyi pi nesesè yo pandan dezas la menm epi ki pral ogmante yo pi rèd apre premye tan yo, apati pratik ekzaksyon sa yo, sitiyasyon travayè yo pral agrave, pandan sa mas popilè yo, sitou nan aspè migrasyon, povrete ak chomaj, pral eksploze.

Se sa k ap tann nou. Se benefis sa a klas dominan isit kou lòt bò dlo yo pral fè apati dezas siklonn Matyou pòte pou nou. Se konsa yo toujou fè, chak fwa yon dezas blayi sou yon peyi. Sa jounen jodi a, malgre tout fasad “èd imanitè” kriminèl nasyonal kou entènasyonal yo ap mangonmen, malgre tout “inite nan malè”, malgre tout “papa bon kè” k ap parèt tèt yo, pap lòt jan. Anfèt, se yon lòt fòm kanaval k ap pase devan nou. Se yon lòt fòm kanaval, etan done, jestikilasyon dominan yo ansanm ak ideyològ osèvis yo, la jisteman pou maske pwoblèm pwofon fòm ak kalite rezolisyon ki an kou a pral pòte. Vle pa vle, rezolisyon ki an kou a pral pèmèt ogmante epi anpire pwoblèm rapò sosyal bloke ki egziste nan peyi a.

Kidonk, se NOU mas popilè ki pou pran chimen nou. Se NOU travayè ki pou pran chimen pa nou! Sitiyasyon sa a kote nou pa ka fè fas ak nenpòt ki dezas (gen peyi ki fè l kòrèkteman), sitiyasyon sa a kote nou sètoblije ap toujou mandyan, sitiyasyon sa a kote pi gwo kriminèl ki konn ap maltrete nou, sanble, dapre pwopagann boujwa a, se yo k ap kouri vin “ede” nou jounen jodi a, pandan, si nou byen reflechi, si nou byen kòmanse ap obsève epi kontinye obsève pwosesis k ap dewoule a, se yo ki pral pwofite epi kontinye monte sou do nou pi rèd; sitiyasyon sa a ap fè pwosesis la rann nou pi pòv, pi mal, pi depandan. Bagay k ap oblije nou rann tèt nou jou an jou piplis bay dominan sila yo.

SITIYASYON SA A, PA GEN 2 FASON POU LI REGLE.

ABA INITE AK DOMINAN KI TOUJOU AP KRAZE NOU!
VIV YON SOLIDARITE PÈP
K AP KONBAT SILA REYAKSYONÈ A
NAN OBJEKTIF YON REZOLISYON REYÈLMAN POPILÈ!

Oktòb 2016

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Front page

Statement on the Schmidt Case and Proposed Commission of Inquiry

Aodhan Ó Ríordáin: Playing The Big Man in America

Nós anarquistas saudamos o 8 de março: dia internacional de luta e resistência das mulheres!

Özgürlüğümüz Mücadelemizdedir

IWD 2017: Celebrating a new revolution

Solidarité avec Théo et toutes les victimes des violences policières ! Non à la loi « Sécurité Publique » !

Solidaridad y Defensa de las Comunidades Frente al Avance del Paramilitarismo en el Cauca

A Conservative Threat Offers New Opportunities for Working Class Feminism

De las colectivizaciones al 15M: 80 años de lucha por la autogestión en España

False hope, broken promises: Obama’s belligerent legacy

Primer encuentro feminista Solidaridad – Federación Comunista Libertaria

Devrimci Anarşist Tutsak Umut Fırat Süvarioğulları Açlık Grevinin 39 Gününde

The Fall of Aleppo

Italia - Ricostruire opposizione sociale organizzata dal basso. Costruire un progetto collettivo per l’alternativa libertaria.

Recordando a César Roa, luchador de la caña

Prison Sentence to Managing Editor of Anarchist Meydan Newspaper in Turkey

Liberación de la Uma Kiwe, autonomía y territorio: una mirada libertaria para la comprensión de la lucha nasa

Misunderstanding syndicalism

American Anarchist and Wobbly killed by Turkey while fighting ISIS in Rojava

Devlet Tecavüzdür

Attaque fasciste sur la Croix Rousse et contre la librairie libertaire la Plume Noire

Red November, Black November – An Anarchist Response to the Election

Resistance at Standing Rock

1986-2016: 30° anniversario di Alternativa Libertaria/fdca

Amerik Santral / Karayib | Miscellaneous | ht

Tue 28 Mar, 23:47

browse text browse image

pwen.png imagePozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yo 06:20 Sun 29 Jan by Batay Ouvriye 0 comments

Eleksyon ki sòt fèt yo montre nou klèman eleksyon pa yon solisyon pou peyi Dayiti. Nou ka di se pa premye fwa Batay Ouvriye ap denonse kalite eleksyon sa yo nan peyi a. Men, jodi a, nou wè aklè gagòt seri eleksyon ki sòt fèt yo montre nou se yon seleksyon politisyen reyaksyonè awogan ak arivis ki pran tèt aparèy leta. E li te previzib! Se te yon konpetisyon ant politisyen ak kolòn abolotcho epi granmanjè pou gade kiyès nan yo ki pwal dirije LETA a, nan enterè pa yo anvan, epi nan enterè tout rès klas dominan yo ak enpeyalis yo. E menm si pa t gen seleksyon, eleksyon yo t ap toujou fèt nan enterè klas dominan yo, pi patikilyèman boujwa yo, grandon yo ak patwon yo, enpeyalis yo.

haiti_image.jpg imagePozisyon Modep Sou Desizyon Gouvèlman Preval-Pyèlwi A Pou Fin Likide Teleko 04:25 Tue 26 Jan by Mouvman Demokratik Popilè 0 comments

TELEKO pa pou vann, ni angwo, ni an detay

Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings.

imagePozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yo Jan 29 0 comments

Eleksyon ki sòt fèt yo montre nou klèman eleksyon pa yon solisyon pou peyi Dayiti. Nou ka di se pa premye fwa Batay Ouvriye ap denonse kalite eleksyon sa yo nan peyi a. Men, jodi a, nou wè aklè gagòt seri eleksyon ki sòt fèt yo montre nou se yon seleksyon politisyen reyaksyonè awogan ak arivis ki pran tèt aparèy leta. E li te previzib! Se te yon konpetisyon ant politisyen ak kolòn abolotcho epi granmanjè pou gade kiyès nan yo ki pwal dirije LETA a, nan enterè pa yo anvan, epi nan enterè tout rès klas dominan yo ak enpeyalis yo. E menm si pa t gen seleksyon, eleksyon yo t ap toujou fèt nan enterè klas dominan yo, pi patikilyèman boujwa yo, grandon yo ak patwon yo, enpeyalis yo.

imagePozisyon Modep Sou Desizyon Gouvèlman Preval-Pyèlwi A Pou Fin Likide Teleko Jan 26 MODEP 0 comments

TELEKO pa pou vann, ni angwo, ni an detay

© 2005-2017 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]