user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pozisyon Modep Sou Desizyon Gouvèlman Preval-Pyèlwi A Pou Fin Likide Teleko

category amerik santral / karayib | miscellaneous | press release author Tuesday January 26, 2010 05:25author by Mouvman Demokratik Popilè - MODEPauthor email modepayiti at yahoo dot fr Report this post to the editors

Potoprens, jou ki mèkredi 17 jen 2009

TELEKO pa pou vann, ni angwo, ni an detay
haiti_image.jpg

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) sezi wè kouman gouvèlman PREVAL-PYELWI a sinik nan mezi y ap pran pou defann enterè boujwazi a. Nan yon moman kote etidyan ak lòt moun nan popilasyon an ap pran gaz, bal ak kout baton pou piblikasyon lwa sou salè minimòm nan, nan yon moman kote sitirasyon malad lopital jeneral yo ap agrave ak gaz lapolis ak MINISTA epi nan moman kote kesyon refòm Inivèsite Leta a kwoke nan dyakout Gouvèlman an, (paske Michel Pyè Lwi se youn nan manm Komisyon Refòm Inivèsite a), pandan mas yo ozabwa, se nan moman sa a tchoul gouvèlman an, gouvènè Bank Santral la, Chal Kastèl anonse likidasyon TELEKO, angwo tankou an detay.

MODEP ap pwofite souliye pou mas popilè yo, pwogresis yo, trvayè, anplwaye TELEKO ak lòt antreprepriz piblik yo, zafè privatizasyon antrepriz piblik yo pa gen anyen pou wè ak jesyon, ekonomi oswa lasyans, se yon keksyon enterè, se yon politik mafya kap regle ant dirijan leta yo ak zanmi yo oswa biznis yo genyen nan sektè prive lokal ak entènasyonal la. Ki pi gwo ekzanp nou ka genyen lè se chak jou antrepriz prive yo ap fè fayit. Konbyen gwo bank ak lòt antrepriz prive nan sistèm nan ki jounen jodi a fè fayit, mete sou bann ak pakèt lòt ki menase pou yo kraze ? Konbyen lajan prezidan Preval te bay pou te evite Sokabank fè fayit? Konbyen lajan gouvèlman OBAMA a deside mete deyò pou sove antrepriz prive kap dekrenmen nan sistèm kapitalis yanki a? Kidonk listwa sistèm kapitalis la montre n chak jou, zafè fayit yon antrepriz pa genyen pou wè ak si se Leta oswa prive k ap jere l, men genyen pou wè ak sistèm nan li menm, konjonkti ekonomik ak finansye k ap bwase bil sistèm nan, epi ak kalite moun kap jere l yo.

Nan ka peyi Dayiti, TELEKO pou n rete sou ka sa a, men nou te ka site Ladwann ak Ayewopò tou, ban nou yon gwo ekzanp. Nan lane 2001 epi nan lane 2005, FMI pibliye sou sit entènèt li (www.imf.org) 2 rapò ki montre (youn konplete lòt), soti 1995 rive nan lane 2004, TELEKO pa t janm fè defisi, okontrè se lajan li te konn ap bay gouvèlman yo. Ki moun nan peyi a ki pa konnen kouman TELEKO te sèvi kòm youn nan pi gwo bwat kote gouvèlman lavalas la te konn jwenn lajan? Antouka pou listwa, dapre Fonds Monétaire International (FMI), pandan 10 lane soti 1995 pou rive 2004, TELEKO te bay nan kès Leta ayisyen yon kantite lajan ki plis pase yon (1) milya goud sou profi li tap fè pandan tout 10 lane sa yo. Pwofi konpayi a te monte plis pase twa (3) milya goud, apre l fin peye Leta taks.

Sitirasyon finansye global Teleko
Soti 1995 rive 2004
An milyon goud
Soti lane 1995 rive 2004 Mwayèn chak ane
Eta Pwofi ak Pèt
Revni Total 13,270.2 1,327.02
Depans total 8,801.8 880.18
Pwofi avan taks 4,468.4 446.84
Taks ak transfè 1,372.1 137.21
Pwofi apre taks 3,096.3 309.63
Tablo ki nan dènye paj la bay detay ak sous yo enfòmasyon sa yo byen klè.

Kidonk, MODEP ap mande ki kote FMI ki pibliye rapò sa yo sou TELEKO, mete ak Sosyete Finansye Entènasyonal (S.F.I.) ansanm Bank Mondyal jwenn agiman pou mande privatize TELEKO a ? Pouki Prezidan Preval ak Michelle Pierre-Louis vle privatize yon antrepriz ki pandan 10 lane sa yo pa janm fè defisi? Li klè repons lan pa nan lasyans ekonomik, men nan entelijans tètanba, politisyen restavèk ki nan pouvwa a, ki deside sèvi koutye sektè prive k ap piye tout ti resous peyi a. Nan sans sa a, n ap denonse ak tout fòs nou, tout moun k ap di se modènize pouvwa a ap modènize TELEKO. Sa k ap fèt la, pa gen anyen pou wè ak modènizasyon, se yon demach privatizasyon ki rantre nan kad politik mare senti FMI ak Bank Mondyal yo. Kidonk, pawòl modènizasyon an, se yon pawòl blòf pou fè moun dòmi. Paske, ou kapab modènize yon antrepriz san ou pa privatize l.

MODEP rekonèt jesyon antrepriz piblik yo kit li rele TELEKO, ONA, LADWANN, AYEWOPÒ, chaje ak pwoblèm. Men sa gen pou wè fondalnatalman ak kalite Leta piyajè, kowonpi, tchoul ak jan dirijan Leta yo konprann nosyon byen piblik la. Men solisyon an pa nan privatizasyon, okontrè privatizasyon se plis lajan l ap retire nan men Leta voye nan pòch boujwa yo, pandan menm Leta sa a ap pandye kwi li bay kominote entènasyonal la. Privatizasyon antrepriz piblik yo fè popilasyon an peye 2 fwa pou menm sèvis la ; paske Leta kontinye pran taks sou li, taks ki ogmante dayè, pandan li pap bay okenn sèvis epi li oblije ap achte sèvis sa (moun ki kapab) byen chè nan men gwo bizisman yo.

Konsa, konpòtman Gouvèlman Preval-Pyèlwi ak Chal Kastèl, gouvènè Bank Santral la, montre aklè, etidyan, mas travayè yo dwe konprann batay sou salè minimòm nan ak refòm inivesite a, pa dwe rete nan lari sèlman. Veritab batay la se kanpe bon jan òganizasyon nan mitan etidyan yo, ouvriye yo, fanm, peyizan, moun nan katye popilè yo, yon fason pou yo ka rive jwenn bout leta kapitalis piyajè k ap koukouman yo chak jou pi plis nan mizè, lavichè, grangou ak chomaj, ak yon kraze monnen pou fòs kouraj yo.

Atitid gouvèlman koutye sa a pi sinik pase tout gouvèlman peyi a konnen nan dènye moman sa yo. Sa pi mal pase Divalye ak tout rejim militè boutdi apre 7 fevriye 86 yo. Paske li klè, kalite politik kap likide chak jou pi plis tout sa peyi a genyen kòm richès anba bòt MINISTA pote plis lakwa lakay mas yo. Eske gouvèlman an konsyan se kalite politik sa yo ki lakoz pami tout lòt konsekans grav yo, ayisyen ap pran tout kalite imilyasyon epi mouri nan Repiblik Doininikèn, nan lanmè pou ale OZETAZINI, Bahamas ak lòt zile yo? Se kalite politik vann peyi a anmiyètmoso ki lakoz chak jou pi plis moun nan Gonayiv, nan Fon Vèrèt, nan Okay, nan kat kwen peyi a vin pi andanje ak anviwònman an k ap depafini, epi fas ak nenpòt ti van, nenpòt ki maladi, nenpòt ti soukous latè.

MODEP ap raple gouvèlman PREVAL-PYELWI a ak tout akolit li yo fòk yo pa bliye Ayiti se yon tè glise, jou ka pase, ane ka pase, youn, 2 militan ka tonbe, men jou viktwa mas yo, yo pral vomi sou tèt tout piyajè, tchoul boujwa ak boujwa eskanmotè ki tap toupizi yo anba politik privatizasyon, plan lanmò enstitisyon entènasyonal yo, tout malsite, tout politik k ap detwi anviwònman an epi kap mete plis lanmò lakay yo.
Sitirasyon finansye TELEKO
Soti lane 1995 rive 2004
Montan lajan yo se an milyon goud

1995 1996 1997 1998 1999 2000 2001 2002 2003 2004 Total
Eta Pwofi ak Pèt
Revni total 713 1,027.50 1,387.70 1,572 1,383 1,152 1,148 1,565 2,073 1,249 13270.2
Depans total 385.1 495 551.9 930.8 1,135 1,006 1,033 1,215 1,441 609 8801.8
Pwofi avan taks 327.9 532.5 835.8 641.2 248 146 115 350 632 640 4468.4
Taks ak transfè 114.7 186.3 284.4 249.7 87 53 53 123 221 0 1372.1
Pwofi apre taks 213.2 346.2 551.4 391.5 161 93 62 227 411 640 3096.3

Sous : enfòmasyon ki nan tablo sa a soti nan rapò 2001 ak 2005 Fond Monétaire International (FMI).
1) Pou done 1995 rive 1999, rapò a rele konsa : International Monetary Fund, Staff Country Report No. 01/04, January 2001, Haiti selected Issues. Table 16. Haiti: Accounts of the Telecommunications Company, page 82
2) Pou done 1999 rive 2004, rapò a rele konsa : International Monetary Fund, Country Report No. 05/205, June 2005, Haiti selected Issues. Table 15. Haiti: Accounts of the Telecommunications Company, page 63

Kowodinasyon MODEP

Guy Numa
Boumba Nixon
Pierre Richard Francis
Théagène J. Dauphin

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch

Front page

Reflexiones sobre la situación de Afganistán

Αυτοοργάνωση ή Χάος

South Africa: Historic rupture or warring brothers again?

Declaración Anarquista Internacional: A 85 Años De La Revolución Española. Sus Enseñanzas Y Su Legado.

Death or Renewal: Is the Climate Crisis the Final Crisis?

Gleichheit und Freiheit stehen nicht zur Debatte!

Contre la guerre au Kurdistan irakien, contre la traîtrise du PDK

Meurtre de Clément Méric : l’enjeu politique du procès en appel

Comunicado sobre el Paro Nacional y las Jornadas de Protesta en Colombia

The Broken Promises of Vietnam

Premier Mai : Un coup porté contre l’un·e d’entre nous est un coup porté contre nous tou·tes

Federasyon’a Çağırıyoruz!

Piştgirîye Daxuyanîya Çapemenî ji bo Êrîşek Hatîye li ser Xanîyê Mezopotamya

Les attaques fascistes ne nous arrêteront pas !

Les victoires de l'avenir naîtront des luttes du passé. Vive la Commune de Paris !

Contra la opresión patriarcal y la explotación capitalista: ¡Ninguna está sola!

100 Years Since the Kronstadt Uprising: To Remember Means to Fight!

El Rei està nu. La deriva autoritària de l’estat espanyol

Agroecology and Organized Anarchism: An Interview With the Anarchist Federation of Rio de Janeiro (FARJ)

Es Ley por la Lucha de Las de Abajo

Covid19 Değil Akp19 Yasakları: 14 Maddede Akp19 Krizi

Declaración conjunta internacionalista por la libertad de las y los presos politicos de la revuelta social de la región chilena

[Perú] Crónica de una vacancia anunciada o disputa interburguesa en Perú

Nigeria and the Hope of the #EndSARS Protests

© 2005-2021 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]