|
Recent articles by ENTERÈ POPILÈ
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib MiscellaneousHonduras: governo ilegítimo e regime autoritário civil Apr 25 18 Pozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yo Jan 29 17 Le retour du duvaliérisme en Haïti sous le manteau de la « réconciliat... Jan 13 14 Sou Siklonn Matyou![]() ![]() ![]() ![]()
Nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a: granboujwa, grandon, granmanjè, ideyològ sousou yo, ansanm ak mèt yo tout: enpeyalis yo. Nan sitiyasyon dezas siklonn Matyou blayi anwo popilasyon a an jeneral, nou pap pale ak klas sosyal ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a. Se poutèt, tou dabò, se mas popilè yo ki touche vre. Sila nou tande yo rekòmanse ap rele: “pi defavorize yo”. Poutan, se “pi defavorize” lòt bò dlo yo ki voye pi fò, si se pa prèske tout, nan transfè dyaspora a; menm jan se “pi defavorize yo” (ti peyizan, travayè tout kalite, ouvriye, ti machann...) ki pwodyi epi redistribye tout richès sou teritwa a; kidonk, ki, vreman vre, pòte peyi a sou do yo. Si se yo ki pi touche anba siklonn lan: se poutèt, presizeman, se yo ki... “pi defavorize”.
Nou konsyan siklonn lan touche popilasyon an pi lajman; nou konsyan tou divès enfrastrikti oswa edifis piblik ki sèvi pou tout moun afekte. Men, ankò yon fwa, nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon peyi a. Se poutèt, presizeman, si travayè yo ansanm ak mas popilè yo “pi defavorize”, se poutèt yo anba espwatasyon, ekzaksyon ak dominasyon jeneral klas k ap jwi yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a k ap apiye yo, defann yo epi òganize dominasyon yo. Jounen jodi a, nou wè tout sanginè sa yo ki vle di y ap “ede”, ap mande “inite nasyonal” pou “rekonstwi peyi a”. An reyalite, kriminèl sa yo, se maske y ap maske tèt yo an “bon moun” pou chache kouvri tout ekzaksyon yo toujou fè sou nou, pandan reskonsab ideyolojik yo ap chache anbake nou nan yon “inite” ki pou ta fè n kwè “bon moun” sa yo ansanm ak nou menm k ap sibi a, dwe “fè youn” devan malè.
NON!
Nou rete kwè mistifikasyon “egalego” demokrasi boujwa a pral kontinye chita menm jan an. Pi rèd (yon mal pou yon byen nan avantaj yo): dezas siklonn lan pral ogmante kapasite mistifikasyon sa a. Mistifikasyon eleksyon yo ki la pou divize nou, alyene nou, detounen nou; mistifikasyon “Linyon fè lafòs” yo a, ki se yon alyans konpradò ak grandon sou do nou; mistifikasyon demokrasi yo a ki vle fè kwè nan sosyete klas antagonik ki devan nou an, tout moun “egalego”. |
Front pageEs Ley por la Lucha de Las de Abajo Covid19 Değil Akp19 Yasakları: 14 Maddede Akp19 Krizi [Perú] Crónica de una vacancia anunciada o disputa interburguesa en Perú Nigeria and the Hope of the #EndSARS Protests Aλληλεγγύη στους 51 αντιφασίστες της Θεσσαλονίκης Women under lockdown all around the world Solidarity with the Struggle of North American People! A libertarian socialist view of the capitalist and health crisis in the Americas Para las Clases Populares del Mundo, Pandemia, Crisis, Todos los Tiempos son de Lucha Nossa Concepção De Feminismo Na Perspectiva Do Anarquismo Organizado Frente a la Pandemia Capitalista, Solidaridad entre los Pueblos La force des femmes change le monde The competition between Iran and United States over Iraq Beyond Pension Reforms: Interview on the General Strike in France Comunicado de lanzamiento de la Coordinación Anarquista Latinoamericana (CALA) [Colombia] Vamos al Paro Nacional del 21 de noviembre [Catalunya] Una sentència que ataca les llibertats i els drets civils |